
Tim Tim??
4 mesye ki kanpe devan on karo tè plen sab. On pòv kap viv nan lari, on malere nan klas mwayen yan kap travay di chak jou, on milyonè, epi on milyardè. Yo mande chak mesye yo kisa yo wè?
Pòv lan di: "m' we on pakèt sab kap gaspiye pran labou "
Malere ya di "m' wè on karo tè m pral bati kay pou madanm ak pitit mwen rete"
Milyonè a di "m' wè on apatman 4 pyès ki pral bati"
Milyardè a di "m' wè on gwo otèl 100 pyès ki kòmanse transfòme"
Kisa ou ka aprann de istwa sa??