
Pa Gen Asansè Sou Wout Siksè Ya
Pa gen asansè sou wout sisksè ya. Kisa sa vle di? Sa vle di ke, pouw rive kote ou prale ya fòk ou pran macheskalye. On macheskalye sinifye: travay di, pasyans, pwogrè, ak tèt fè mal. Ou pap jis rive de jodi ya a demen. Pa gen okenn wout fasil. Kontinye monte nan direksyon objektif ou. Travay di se kle ya. Pa bay legen. Fòk ou toujou rete konsistan sou chak macheskalye ou monte. Sou chak etaj ab gen akonplisman, e ap gen retrèt tout. Tout bagay pap fasil. Jis preparew pouw aprann leson ki ap genyen nan etaj lan.
Byen sur, ap gen dè fwa wap nan pozisyon pouw sote de ou twa macheskalye. Si sa rive, di mèsi bondye. Men pa jis panse sa se yon bagay komen. Toujou konnen ki kotew ou prale, epi jis pran li on pa dèyè lòt.