
Ou malere paske ou pa konn rezoud pwoblèm?
Malere pataje tan yo pou lajan. Sa vin fè yo kwè ke fè lajan dirèkteman konekte ak valè tan yo travay. Ki vle di ke sèl fason yo ka touche plis lajan se nan travay plis èdtan. Moun rich yo menm konnen ke gwo lajan egzije nan lide ki nan tèt yo ki rezoud pwoblèm. Ki sa sa vle di?
Grannèg reyalize ke depi pa gen limit nan sa yo panse, pa gen limit nan kantite lajan yo ka touche. Lè grannèg bezwen fè kòb, li pa al chache on lòt djòb, oubyen plis èdtan pou'l travay. Li jis chache on problèm poul rezoud ke li konnen moun ap peye'l pou li. Si li bezwen fè 100 dola, li chache rezoud on problèm 5 dola epi li jwen 20 moun ki gen pwoblèm sa. Menm jan tou, si li te vle fè 200 dola. Li chache rezoud on problèm 20 dola epi jwenn 10 moun peye'l pou sa. Pandan ou menm wap kraze kòw nan lè siplemantè.
Ki Problem ou Ka Rezoud Moun Ka Peyo'w Pou Li?