
Mete Sante'w Devan Lajan
Sou sit la nou toujou ap ankouraje tout moun fè siksè. Ki vle di, mete kow nan lari, fè sa ou gen pou'w fè pou ou ka vinn on bagay. Objektif Tonton Bouki pou nou tout se vin on milyonè ou plis. Paske lè ou nan pozisyon sa ou kapab ede lot moun ki pi ba pase'w.
Men, pa janm bliye ke, kite mele valè lanja ou genyen, si'w sou kabann lopital, lajan paka ede'w. Pa neglije fè egzèsis, manje an sante, bwè an sante, espesyalman nan tan COVID-19 sa, proteje tèt ou.
Pa tiye tèt ou chache lajan, epi neglije sante Bondye ba ou jodi ya.
Pa bliye abone sou Tontonbouki
Si'w vle achte liv nou ekri ya klike la: https://www.tontonbouki.com/online-store
Si'w vle aprann ki pi gwo avantaj boujwa gen sou malere klike la: https://www.tontonbouki.com/post/ou-ka-vin-grann%C3%A8g-si-w-ka-reponn-kesyon-sa