
Malere panse lajan fèt ak Travay Di, Grannèg konnen lajan fèt ak Intelijans
Klas mwayèn nan kwè ke pi rèd yo travay plis lajan yo pral fè. Se poutèt sa pifò moun pa rich.
Yo ap swiv yon modèl siksè ki pa alamòd ankò. Petèt 50an de sa sistèm sa teka travay, men jodi ya se moun ki konn rezoud pwoblèm ki avanse.. Ou ka fè tout viw ap pouse on bourèt epi ou pa janm rich. Rezon wan se paske bouretye pa vrèman rezoud on gwo pwoblèm. Men si ou gen on vwal kamyon kap pote chay ale de vil-a-vil, nan yon kominote machann rete, ou ka rich nan kèlke zane.
Moun rich yo konnen ke panse kreyatif se avantaj ki pi valab nenpòt moun ka jwenn. Mond la ba moun ki konn rezoud pwoblèm plis valè ke sa kap travay di oubyen kale lekòl.
Ki Pwoblèm ou te ka rezoud ki ka fèw rich?