
Malere gen vizyon pou demen, grannèg reve Pou 10 zan
Updated: Aug 7, 2020
Diferans on malere avèk on grannèg pa sèlman rete nan valè kob ki nan poch yo. Pi gwo diferans lan se nan jan yo gade lavi ya. Pou egzank, lè ou malere ap planifye yon pwojè oubyen ap fè demach pou yo avanse. Yo toujou espere pou yo wè rezilta nan de twa jou. Si yap fè on biznis yo jis panse kijan biznis lan pral ye, nan 1 mwa oubyen de mwa. Si nan ti tan sa li pa mache yo bal vag.
Grannèg lan menm, lè yap planifye yon pwojè oubyen yon biznis, yo gade a kisa li pral sanble nan 5an ou 10zan. Ki vle di yo konnen yo gen pou envesti tèt yo pandan dè zane san rezilta. Oubyen menm san yo pa touche. Yo pa vrèman wè demen.
Benefis la, se ke lè yon move bagay pase biznis lan, oubyen li pa mache. grannèg yo konnen ke yo gen 9 an ou plis pou yo fèl travay. Malere ya menm, bay vag depi sou premye echèk yo.