
Malere di lajan se pou djab, Grannèg di'l se yon resous
Gen on pakèt malere ki pa janm ba lajan enpotans jis paske yo panse ke si yo gen kòb se yon mal li ye. Gen anpil ki mache legliz ki sèmante de pawòl sa, paske se sa 1 Timothy 6:10 di. Men verite ya se ke, lajan paka fè okenn mal. Sa ou fè avèl se yon bagay diferan.
Grannèg fè tout vi yo ap chache lajan, menm lè on pakèt gen plis ke yo bezwen pou tèt yo ak fanmi yo.. Poukisa? Paske, lajan mete yo nan pozizyon pou yo ede lòt moun. Siw se youn nan moun ki di ke lajan pa bay, jis fèl epi bay on lòt moun ki bezwen'l.
Move mantalite sa a, kenbe on pakèt nan nou atè. Siw chanje janw panse, on ka chanje jan ou apwoche lajan. E petet jan lajan apwoche'w, paske lajan ka pa renmen fòm tet ou.