
Li Pi Fasil Pou'w Avanse Si w'ap Travay Pou Tèt Ou
Tout malere (moun na klas mwayèn yo) grandi ak menm mantalite ya: jwenn yon bon edikasyon pou ou ka jwenn yon bon travay. Ki rive ke, on pakèt moun grandi panse ke se sèl lekòl ki ka pa yo espwa, e fòk yo toujou gen yon djòb sekirize pou yo ka avanse. Yo pase tout vin yo ap leve bonè, dòmi ta pou fè on lòt moun rich.
Moun ki nan richès yo menm konnen ke li difisil pou'w avanse si w pap travay pou tèt ou. Verite a se, gen plis sekirite nan yon biznis, ke nan yon djòb regilyè. Moun ki travay pou tèt yo gen pouvwa fè demach pou yo grandi biznis lan ak ogmante revni yo. Yo ka travay valè tan yo vle, oswa pran vakans lè yo vle. Yo ka chanje direksyon konpayi an nenpòt ki lè yo chwazi.
Kèlkeswa moun ki siyen chèk ou,siksè finansye ou ap toujou baze sou nivo sèvis ou bay ak konbyen moun ou bay li..