
Ki kote lajan'w soti?
Nan dènye atik nou te mete deyò, nou te pale de pigro avantaj ke grannèg gen sou malere, ki se edikasyon finansyèl yo genyen. Si ou pot ko li atik sa a, klike sou sit sa: https://www.tontonbouki.com/post/ou-p%C3%B2v-paske-se-edikasyon-jeneral-ou-gen-s%C3%A8lman
Jodi ya nap aprann premye etap edikasyon finansyèl. Etap sa edew konprann ki kote lajan'w soti. Tout grannèg konnen nan ki kadran lajan yo soti. Nan sektè finans gen 4 kadran. Annou aprann de premye ya.
Premye kadran an se kadran Anplwaye. Nan kadran sa nou jwenn moun ki gen djòb. Sa vle di moun kap travay pou lòt moun. Pwoblem ki genyen lè wap travay pou on lòt moun se ke, depi ou sispann travay, lajan sispann vini nan menw, epi zokiki kòmanse. Moun nan kadran sa yo travay pi di pase tout lòt kadran apre yo, men yo pa touche ase pou yo avanse. Se konsa, yo kontinye travay di, chanje soti nan yon konpayi nan yon lòt ki peye yo yon ti kras pi byen.
Malerezman, se la nou tout kòmanse. Men grannèg gen konesans ak anvi pou yo avanse nan lòt kadran yo, malere ya menm rete anplas. Se pa paske li parese ki fè li pa avanse, men se jis paske li pa konnen. E pa panse lekòl ede ak sa. Menm si ou te yon avoka oubyen doktè. Le jou ou deside ou pa pral travay, ou ka pedi djòb ou, epi menm jan tou ou pap touche. Sa vle di, ou ka touche on pil kòb, men ou se toujou yon anplwaye.