
Fok ou Inovatè Pouw Avanse
Konesans se pouvwa, " ki vle di ke plis ou konnen, plis ou ka fè. Men sa pa vle di al lekol.
Se sa ki fè yo di ke'w pa ka aprann fè lajan sou ban lekol. Pou ekzank: lekol aprann ou memorize, men pa kijan pouw pratike. Gen on pakèt moun ki rich ki pat janm lekol. Men moun sa yo pi edike pasew ki filozof. Rezon wan se paske yo inovan. Yo pran on grenn prensip epi you mache avèl. Pandan ou menm ou lekol ap aprann jeometri, ak aritmetik ki pap itil ou ayen.
Inovasyon mande pouw chache nouvo apwòch pou pwoblèm ki genyen. Malgre ke enfòmasyon ou memorize enpòtan nan pwòp dwa yo, inovasyon baw kapasite simonte nenpòt obstak ou rankontre. Lè wap bat pa kè, li fè sèvow rijid. Inovans fè sèvow adaptab ak fleksib.
Sispann bat pa kè. Chache aksyonè