
Fòk ou gen moun avèk ou...
On pakèt nan nou panse tankou koukourouj. Ki vle di ke, tout sa nap fè se pou kont nou nou fèl. Franchman, petèt prensip sa ka mache ayiti men lè wap viv nan peyi etranje e ou vle avanse li initil. Pou ekzanp, pran machann pate ayiti. Malgre se yon menm ki fè pate ya pou vann, se pa yo ki fè farin nan, e pa yo ki fè lwil lan, e pa yo ki fè ze ya. Ou konprann?
Sa vle di yo bezwen fè relasyon ak moun ki gen konpetans ak eksperyans ki ka edew yo nan seksyon sa a. Yap bezwen konn on machann farin, on machann lwil ak on machann ze. Tout prensip sa aplike nan tout sa wap fè...Ou pa ka reyisi pou kont ou. Toujou sonje sa.. Chache fè konesans ak tout moun ki ka edew nan wout ou.. Avanw ale al li atik ki anba a..
Fok ou Inovatè Pouw Avanse?